Bay tete se

dwa mwen.

Gen anpil avantaj sante fizik ak emosyonèl nan bay tete. Politik ak pratik ki pa ekitab anpeche fanm bay tete.

Ansanm, nou ka jwenn solisyon pou sipòte manman k ap bay tete nan kominote nou an.

Kote pou bay tete

Kote Boston

Bruce C. Bolling Municipal Building

Orè

Lendi – Vandredi
10 am – 6 pm

 

Bay tete nan travay la ka difisil si anviwònman travay la pa konsidere bay tete enpòtan.

Nap travay ansanm ak gouvènman nou an ak patwon yo pou kreye yon anviwònman travay ki pi bon pou sipòte manman ki bay tete nan vil la.

Èske w te konnen manman yo ka pase anviwon 28 èdtan pa semèn bay tibebe yo manje?

Sa a se tankou kantite tan yon moun ka pase nan travay aplentan nan anpil eta.

Sipòte fanm k ap bay tete ki bò kote ou la.

Annou mete tèt nou ansanm, avèk kran.

Pa mwayen kolaborasyon kominote envesti, nou ede fanm Nwa yo santi yo konekte epi santi yo konfyan nan efò yo fè pou bay tete a.

Patisipe ak kominote nou an.

Initiativ Love For Latch la gen pou objektif ankouraje, pwoteje ak sipòte bay tete pou tout moun. Nou itilize "fanm," "manman", "matènèl," ak lòt pawòl ki gen rapò ak sèks moun pou dekri konpòtman sante yo, eta sante a, ak rezilta sante moun ki gwosès e ki akouche. Lè nou sèvi ak pawòl sa yo, nou rekonèt popilasyon sa a kòm yon kategori moun ki fè eksperyans gwosès ak akouchman, sa ka gen ladan moun ki fèt antanke fi oubyen gason epi rekonèt tèt yo konsa, moun transjèn, divès sèks ak moun ki biseksyèl.

Adrèss

1010 Massachusetts Avenue. Annex.
Boston, MA 02118

Kontak

loveforlatch@bphc.org
(857) 383-9488

dwa otè © 2024
boston public health commission
fét pa parkaveco